Page 1 POU GAYE IMEDYATMAN Kominote Ayisyen Yo Pote Plent

 POU GAYE IMEDYATMAN
Kominote Ayisyen Yo Pote Plent Kont Bank Mondyal sou Nouvo Lwa Minyè
Rele Atansyon sou Mank Patisipasyon, Mank Pwoteksyon Anviwònmantal ak Sosyal
7 Janvye 2015, Pòtoprens ak Nouyòk— Jodi a, kominote Ayisyen yo ak òganizasyon sosyete sivil yo
depoze yon plent nan Panèl Enspeksyon, yon mekanis ki nan Bank Mondyal ki resevwa plent ki sòti
kominote afekte pou pwojè Bank Mondyal yo. Plent lan denonse mank patisipasyon nan pwosesis
gouvènman Ayisyen ap dewoule ak sipò Bank Mondyal pou devlope yon nouvo lwa minyè a. Nouvo lwa
minyè se yon eleman nan yon pi gwo estrateji pou devlope sektè min mineral an Ayiti. Kèk moun nan
popilasyon Ayisyen ki okouran aktivite Bank Mondyal pè devlopman sektè min ap avanse san evalyasyon
enpòtan dwa moun ak anviwònman epi san konsiltasyon piblik la.
“Nouvo lwa minyè a pral atire envestisman sosyete min etranje yo, men gouvènman pa gen kapasite
kontwole enpak anviwònmantal ni ankouraje enterè kominote afekte yo,” di Nixon Boumba, yon
reprezantan Kolektif Jistis Min (“Kolektif”), yon gwoup sis òganizasyon ak plizye douzèn kominote yo ki
pote plent lan. Moun ki gen chans jwenn enfòmasyon sou lwa ak devlopman sektè min gen anpil
enkyetid pwofon yo sou nouvo lwa ak pwogram devlope sektè min nan: plis pase 400 moun gentan siyen
yon petisyon ki deklare enkyetid yo epi ki mande yon kanpay nasyonal pou bay enfòmasyon reyel, korèk
sou ki sa aktivite min ye epi ki enpak li ka fè sou lavi moun, lavi kominote yo ak peyi a epi ki mande yon
deba deba nasyonal ak analiz konplè sou estrateji sa a anvan yo finalize nouvo lwa minyè a. Kolektif la
toujou nan pwosesis ranmase siyati yo pou depoze l devan Palman.
Kèk kominote an Ayiti gentan sibi move eksperyans nan men konpayi min yo ki t ap eksplore pou chache
min metalik yo sou tè moun yo oubyen touprè tè yo. “Nou gentan note enpak ki fè nou enkyete,” di yon
lidè kominote. “Moun yo komanse konprann kouman aktivite min ta ka afekte anviwònamn ak fason nou
viv kounye a.” Kèk kominote yo tou plenyen paske konpayi gentan fouye twou epi fè drilling sou tè yo
san konsilte popilasyon an.
Pleyan yo pè konsekans devlopman sektè min san evalye kapasite gouvènman Ayisyen pou aplike
pwoteksyon anviwònmantal ak sosyal yo ak pou sipèvize epi kontwole aktivite a. Gouvènman an manke
resous nesesè yo epi manke pwosesis regilasyon ak kontwole yo. Enstabilite politik jounen jodi a mete
aksan sou reyalite frajil la. “Bank Mondyal lan ap apiye yon lwa ki ankouraje envestisman menmsi nou
nan yon moman toumant politik,” di Pwofesè Margaret Satterthwaite, Klinik Jistis Global, Fakilte Dwa
Inivèsite Nouyòk, ki reprezante kominote yo. “Li ta irèsponsab ouvri sektè a sepandan moman enstabilite
epi san evalye tout enpak posib yo.”
“Asistans Bank Mondyal lan pral chanje tout rejim legal aktivite min an Ayiti,” di Sarah Singh, yon
avoka ak Accountability Counsel, yon òganizasyon ki reprezante kominote yo. “Lè nou konsidere grav
enpak sosyal ak anviwònmantal ak endestri sa, fòk Bank lan asire nouvo lwa devlope ak patisipasyon
sosyete sivil, gen landan l tèm pou pwoteje dwa moun pèp Ayisyen yo epi respekte estanda minimòm
sosyal ak anviwònmantal Bank lan.”
Nòt:
Nou gentan depoze plent lan nan Panèl Enspeksyon, yon biwo endepandan ki mennen ankèt sou plent
kominote afekte pou pwojè Bank Mondyal yo depoze. Ou ka jwen plent lan:
http://www.accountabilitycounsel.org/wp-content/uploads/2014/07/FRA-Demande_FINAL.pdf.
Klinik Jistis Global
Klinik Jisits Global ofri sèvis legal dwa moun ki bon kalite epi pwofesyonèl pou kliyan endividyèl ak
òganizasyon de baz, atravè patenarya nan Ozetazini epi entènasyonal. Wòl nou se konsèy legal, oubyen
patnè pledwaye. Elèv Klinik la travay ansanm ak militan dwa moun ki sòti plizyè peyi nan mond lan.
Accountability Counsel
Accountability Counsel defan dwa anivwònmantal ak dwa moun kominote yo ki afekte pou pwojè ki jwen
finansman entènasyonal. Yo espesyalize nan mekanis etabli pou resevwa plent ki sòti kominote afekte yo
pou powjè ki jwen finansman entènasyonal. Nou reyalize objektif nou atravè 1) asistans legal pou
kominote yo itilize mekanis ki resevwa plent yo nan yon fason efikas; ak 2) pledwaye ki asire aksè
mekanis plent yo aksesib, transparan, epi rive se yon zouti pou jwen jistis.
Kontak yo:
Margaret Satterthwaite (Angle, Kreyòl): [email protected]
Ellie Happel (Angle, Kreyòl, Panyòl): [email protected]; 4688-9976
Peterson Derolus (Kreyòl, Franse): MODEP, Kolektif Jistis Min, 366-0418, [email protected]
Camille Chalmers (Kreyòl, Franse, Panyòl): PAPDA, Kolektif Jistis Min, 3837-1899,
[email protected]
Nixon Boumba (Kreyòl, Franse): MODEP, Kolektif Jistis Min, 3622-1293, [email protected]